🔴 Verite sou Trump & Depòtasyon Ayisyen – Pa Fè Erè Sou Nouvèl La!

Eske Trump deside pap depòte Ayisyen tout bon vre? Oswa se yon rumeur kap fè vag sou rezo sosyal yo? Nou pote tout detay yo pou ou – plis, gwo chanjman nan sistèm imigrasyon an ke w dwe konnen!

In partnership with

Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a | Lendi 17 Fevriye 2025 

Non ! “Trump pa di li pap depòte Ayisyen…”  

Eske Donald Trump deside pap depòte Ayisyen tout bon vre, jan sa ap sikile sou rezo sosyal yo ? Antouka pandan tout finisman semèn nan, anpil moun ekri nou pou mande n kisa nouvel sa ye ! Antouka, rechèch nou rive fè, montre nou enfòmasyon sa pa gen anyen pou wè ak verite. Nan okenn kote nou pa wè Depite New York la Mike Lawler, te mansyone kesyon sa a.  

Yon douzèn jij imigrasyon revoke !  

Se ototal 13 jij ki te dwe prete sèman, ak 5 lòt jij an chèf adjwen imigrasyon ki revoke, san okenn avètisman, daprè sa yon responsab sendika jij revele bay medya Associated Press. Desizyon sa a pran, alòske gen 2 lòt jij ankò ki te pèdi djòb yo semèn sa a, san yo pa anonse ki moun kap ranplase yo. Revokasyon sa yo vini, pandan dosye imigrasyon kap soufri Ozetazini yo, depase 3 milyon. Daprè Fox News, ki site estastik yon enstitisyon ki rele “Transactional Records Access Clearinghouse” nan Inivèsite Syracuse, chak jij imigrasyon gen pou pi piti 4,500 dosye nan men yo pou yo trete  

ICE pral siveye moun kap fè menas kont yo sou rezo sosyal yo  

U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE) prevwa siveye tout moun sou rezo sosyal kap fè menas epi vye kòmantè sou enstitisyon an. Ajans federal la di li deja mande enfòmasyon a plizyè antrepriz ki ka bay yo detay sou pwen sa a, pou yo ka gen yon siveyans an liy. ICE di yo prevwa ogmante inisyativ siveyans an liy yo, pou yo ka obsève tout santiman negative moun yo ap fè, epi ranmase enfòmasyon sou moun kap fè menas kont pèsonèl oubyen espas ajans lan genyen. Yo fè konnen yap chache yon konpayi ki ka rete sou rezo sosyal yo, navige sou baz done an liy yo, jwenn menas potansyèl yo, idantifye jewolokalizasyon, pwofil sikolojik, rekonesans fasyal elatriye…  

Ajan DHS yo plis fokis sou depòtasyon, ke tout lòt bagay, daprè USA Today 

Anviwon 6,000 ajan ki konpoze divizyon ankèt nan depatman sekirite enteryè ameriken an, detounen atansyon yo sou trafikan dwòg, teworis, ak moun kap fè trafik moun, pou yo bay priyorite a plan depòtasyon nouvèl administrasyon an. Daprè sa medya USA Today rapòte, nouvèl objektif DHS, dwe an akò ak desizyon Prezidan Trump pou egzije gen chanjman jeneral ki fèt nan resous federal kap aplike lwa sou imigrasyon yo. DHS di misyon yod we aliyen ak misyon Trump ki se depòte migran ilegal kap viv Etazini.  

Trump depòte yon Tonton Cardi-B ! Rapèz la fache… 

Cardi-B fè revelasyon chòk sa a, nan yon LIVE li tap fè sou kont Instagram li, semèn sa a. « Ou depòte tontonm, wap mennen l tounen », se sa megasta a di Prezidan Donald Trump. Sepandan, rapèz la pa revele non tonton an, ni li pa di nan ki kondisyon tonton an depòte. Nap presize, Belcalis Marlenis Almánzar, tout moun konnen sou non Cardi-B, ki gen papa Dominiken epi manman Trinidadyèn, te fè LIVE sa pou blame Trump, paske selon sal di, Prezidan an fèl degrade yon soulye 3,000 dola li te mete pou final Super Bowl la. Li di sa rive akoz prezans Trump. Atis la ki te sipòte Kamala Harris nan eleksyon yo, fè konnen prezans Trump te fè gen twòp sekirite nan espas Super Bowl la, sa ki te fè gen anpil reta nan evènman an.    

 Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media

Looking for unbiased, fact-based news? Join 1440 today.

Upgrade your news intake with 1440! Dive into a daily newsletter trusted by millions for its comprehensive, 5-minute snapshot of the world's happenings. We navigate through over 100 sources to bring you fact-based news on politics, business, and culture—minus the bias and absolutely free.

Reply

or to participate.