- Pawol Imigrasyon Newsletter
- Posts
- Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a | Vandredi 21 Fevriye 2025
Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a | Vandredi 21 Fevriye 2025
USA-Depòtasyon : Trump transfere Chèf pa enterim ICE la
Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a | Vandredi 21 Fevriye 2025
USA-Depòtasyon : Trump transfere Chèf pa enterim ICE la
Plis pase 15 mil arestasyon, divès vòl depòtasyon… malgre sa, administrasyon Trump lan estomake, e yo pa satisfè de kantite moun ki arete nan kad operasyon deniche imigran ilegal li lanse depi li pran pouvwa a. Nan sans sa a, yo ranplase Direktè pa enterim ICE la, Caleb Vitello, ki selon sa yo di, pa bay rezilta yo te bezwen an.
TPS pou Ayisyen yo ap fini 3 Out 2025, olye de 3 fevriye 2026
Se yon nouvèl ki kreye anpil enkyetid lakay migran Ayisyen yo Ozetazini. Administrasyon Trump lan deside mete fen ak TPS pou Ayisyen yo 3 Out 2025, olye de 3 Fevriye 2026. Pwoteksyon tanporè sa pase de 18 a 12 mwa. Randevou 4 juin 2025, ki se dat otorite yod we pran yon desizyon final, pou konnen èske yap bay yon nouvèl period TPS pou Ayiti.
TPS pou Ayiti : Anpil vwa ap leve pou mande Trump tounen sou desizyon l
Pandan tan sa a, reyaksyon yo pa pran tan pou yo vini, touswit aprè Depatman Sekirite Enteryè Ameriken anonse desizyon sa a. Soti nan palmantè, pase pran eli lokal ki se Ayisyano-ameriken, tonbe nan òganizasyon kap defann dwa imigran… anpil vwa kòmanse leve, pou mande Prezidan Trump anile desizyon li pran sou TPS la.
Tout aplikasyon moun Biden te fè pandan yo Etazini, “sou poz” !
Eske administrasyon Trump lan ap eseye fèmen tout pòt ki ka pèmèt migran ki rantre sou pwogram Biden yo vin gen yon estate legal ? Antouka Depatman Sekirite Enteryè ameriken, nan yon memo entèn, mande USCIS pou mete sou poz, tout avantaj imigrasyon benefisyè pwogram sa a ta aplike pou li. Otorite yo di yo pran desizyon sa a, pou yo ka al mennen ankèt sou ka fwod yo di ki te genyen nan pwogram imanitè ki te pèmèt moun sa yo rantre Etazini.
Trump anile desizyon pou bloke finansman asistans legal pou pitit imigran ilegal yo Alòske li te gentan anonse li kanpe sou tout pwogram finansman òganizasyon kap bay akonpayman jiridik ak pitit migran ilegal yo, Prezidan Trump deside tounen sou desizyon li. Desizyon pout e kanpe finansman federal asistans legal pou kategori timoun sa yo ki pa gen granmoun avè yo, ki te gentan leve plim sou do anpil oganizasyon kap defann dwa imigran Ozetazini.
Sèten kategori moun ki gen rezidans dwe pridan lè yap vwayaje !
Moun ki gen rezidans Etazini bezwen fè anpil pridans lè yap vwayaje kite teritwa ameriken an. Aprè anpil verifikasyon e konvèsasyon ak avoka imigrasyon, nou rive konfime efektivman, ajan CBP entansifye prezans yo nan ayewopò yo, e kòmanse kanpe moun ki gen kat rezidans pou poze yo anpil kesyon. Siw gen yon Green Card ou ka toujou vwayaje, men gen 2, jiska 3 kategori ki dwe fè anpil prudans. Moun ki gen rezidans 2zan ki sou depòtasyon anmenmtan, moun ki gen 2zan, epi ki nan pwosesis pou gen 10zan, epi imigran ki pase plis ke 180 jou deyò Etazini, kap retounen.
Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media
Pataje post sa ak yon lot moun
Reply