- Pawol Imigrasyon Newsletter
- Posts
- Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a Lendi 10 Fevriye 2025
Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a Lendi 10 Fevriye 2025
Trump fache, li vle wè.....
Trump fache, li vle wè plis migran arete
Kijan operasyon depòtasyon an ap dewoule, depi lè Donald Trump pran pouvwa a ? Antouka chif yo sanble pa egzakteman sa Prezidan an te swete a. Trump fache pou kantite migran ICE arete pou premye semèn li nan tèt Lamezon Blanch, e mande pou gen plis moun ki arete, epi depòte. Daprè analis yo, pou ekip Trump lan kenbe pwomès li ki se attenn plizyè milyon migran ilegal, yap bezwen arete epi depòte plis pase 2 mil 700 migran chak jou, pou li ka atenn chif “yon milyon”, sou yon peryòd yon lane.
190 Venezyelyen depòte nan peyi yo
Alòske responsab ameriken yo te anonse demaraj vòl depòtasyon venezyelyen yo tap komanse nan 30 jou, ebyen gouvènman Venezyelyen an deside voye 2 avyon al pran konpatriyòt li yo, ki te nan prizon nan zòn Texas. Se ototal 190 migran ki rive nan vil Caracas, nan lannwit lendi 10 fevriye 2025 lan. Pami moun ki depòte yo, genyen sèten manm gang vyolan ki rele “Tren De Aragua”, ki yo menm te deja gen yon kazye jidisyè Ozetazini. Pou divès media ameriken, se yon pratikman viktwa pou Prezidan ameriken an Donald Trump.
Operasyon depòtasyon Trump lan frape ak yon gwo obstak
Plan depòtasyon administrasyon Trump frape ak yon gwo obstak : se kantite dosye Lajistis ki annatant. Daprè media News Week, ki refere l ak done Ministè Lajistis Ameriken, jiska dat 16 janvye ki sot pase a, gen plis pase 4 milyon dosye ki te deja ap tann desizyon. Yon sitiyasyon ki retade pwosesis depòtasyon migran yo. Nap presize, pandan dènye 10 lane yo, kantite jij ki disponib pou tande dosye imigrasyon yo te ogmante, li te pase de 249 an 2014, pou rive 735 an 2024. Sepandan, kantite dosye jidisyè yo ta pral ogmante tou, kote li pase soti 744 mil 641 an 2015, a plis pase 4 milyon sèlman pou premye trimès ane 2025 lan. Sa ki vin fè, chak jij gen anviwon 5 mil 400 dosye pou travay sou yo.
Administrasyon Trump lan pral itilize IRS pou arete migran ilegal
Yon eleman nouvo nan kad operasyon depòtasyon Trump lan : responsab Depatman Sekirite Enteryè ameriken an di yo vle itilize anketè Internal Revenue Service (IRS), pou ka retrase migran san papye, gade ale vini yo sou plan finansye, epi potansyèlman, ede nan arestasyon epi depòtasyon yo. Kristi Noem mande responsab depatman trezò ameriken an Scott Bessent, pou mete anketè kriminèl IRS yo disponib, pou yo kapab fouye dokiman finansye migran san papye yo, verifye tout ale vini yo, epi potansyèlman arete epi depòte yo.
Denver : migran kap travay nan konstriksyon yo kòmanse pa vin sou chantye
Operasyon an kòmanse gen konsekans. Nan zòn Denver ak Aurora responsab chantye konstriksyon yo ap plenyen paske travayè pè vin travay, sa ki gen enpak sou sektè sa a. Daprè divès rechèch, gwo operasyon depòtasyon ekip Trump lan ap fè a riske gen gwo enpak sou endistri konstriksyon an Ozetazini, ki gen anviwon 1.5 milyon migran san papye kap travay ladann.
Forida : sèten Ayisyen pè pran lari akoz operasyon depotasyon an
Operasyon depòtasyon Trump lan gen gwo konsekans sou fonksyonman migran Ayisyen. Al travay, soti al nan makèt, legliz e menm travay… konpatriyòt yo, menm si yo gen papye legal, toujou pè pou yo pa tonbe sou yon patwouy ICE nan lari.
Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media
Fè Nou Konen Ki Lòt Bagay Nou ka Pote Pou Wou Nan Atik Sa Yo SVP
Reply