Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen kap domine aktyalite a Vandredi 7 Fevriye 2025

Nan 30 jou, Etazini ap kòmanse...

Nan 30 jou, Etazini ap kòmanse depòte Venezyelyen ilegal yo

Depòtasyon migran Venezyelyen yo ap kòmanse nan 30 jou. Se sa responsab kesyon fwontyè a, Tom Homan anonse, vandredi 7 fevriye a. Dapre données de l'Immigration and Customs Enforcement, plus de 22 000 Vénézuéliens se trouvent aux États-Unis et font l'objet d'un arrêté d'expulsion définitif. Se jounal Floride Miami Herald ki revele enfomasyon an. Sous/Miami Herald.

Dosye depòtasyon : 8,000 arestasyon, Lamezon Blanch di sa pa ase !

Plis pase 8,000 arestasyon nan anviwon 17 jou : administrasyon Trump lan sanble toujou pa satisfè de operasyon depòtasyon yo te lanse a. Lamezon Blanch di sa pa ase, e ap fè presyon sou ICE pou akselere operasyon yo. Pandan tan sa a, operasyon sa ap fè fas ak dives pwoblèm tankou pwoblèm espas, vòl avyon militè yo ki twò chè, kantite ajan ki pa sifi, men tou, bidjè ICE ki pa pèmèt li fè gwo operasyon sa a. Sous/NBC News

461 migran oblije libere akoz pwoblèm espas

Depi lè operasyon depòtasyon an demare a, gen 461 migran yo deja libere. Pami rezon ki fè yo libere moun sa yo nou jwenn pwoblem espas jan nou sot di taleu a, men tou, desizyon Lajistis yo ki pran tan. Daprè media NBC News, mwatye nan migran ki jwenn arestasyon yo, pa gen yon pase kriminèl. Sepandan, sa yo rive libere yo, otorite yo mete yon braslè nan pye yo, yon fason pou kapab gen kontwòl yo. Sous/NBC News

Plis pase 100 migran Endyen ilegal depòte nan peyi yo

Operasyon pou depòte migran ilegal administrasyon Trump lan lanse a, pa vize sèlman latino oubyen Ayisyen… plis pase 100 sitwayen Endyen ki tap viv Etazini ilegalman, arete epi depòte nan peyi yo, mèkredi 5 fevriye pase a. Yon vòl depòtasyon ki pwovoke anpil frustrasyon. Yon gwo mouvman pwotesasyon fèt nan peyi End, ayè jedi a, pou kritike fason yo trete migran Endyen yo. Sous/CBS News

3 endividi ki fè tèt yo pase pou ajan ICE anba kòd

Eske nan kontèks nou ye la, tout moun kap vin frape pòt ou Ozetazini ak mayo oubyen chemiz ki make ICE, se vrè ajan ICE yo ye ? Antouka gen yon seri endividi ki pwofite regle koze pèsonèl yo, nan fè tèt yo pase pou polisye imigrasyon. Otorite yo anonse yo arete 3 fo ajan ICE deja, nan 3 Eta diferan. Youn ladan yo fè kadejak sou yon fanm, pandan l tap pretann li se yon ajan ICE ki ka depote l nan peyi l. Sous/CNN

Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media

Reply

or to participate.