Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen kap domine aktyalite a Ozetazini.-

1- Administrasyon Trump lan pase yon lot vitès. Ajan ICE vin pi prezan atravè peyi a. Semèn sa a, divès Eta sible pami yo Florida, kote dives imigran deja arete. Pami moun ki arete yo gen yon ka ki attire atansyon nou… se yon sitwayen Salvador ajan ICE yo pran paske l tap kondui ak yon lisans ekspire… ICE Miami, avèk sipò sou-biwo Jacksonville, te fè konnen yo arete yon sitwayen ki soti Salvadò, ki te rantre Etazini illegal, tap kondui avèk yon lisans ki ekspire. Sous/Miami Herald.

2- Sitwayen ameriken, orijin diferan, di yo sible nan kad pakèt arestasyon kap fèt yo. Sa ki kwaze ak operasyon imigrasyon nan lari deja, di yo rive sou yo tou senpleman pou ras yo oubyen koulè po yo. Pami moun ki deja victim yo, gen yon veteran nan lame amerikèn, ajan ICE te arete nan Newark, New Jersey. Responsab yo nan U.S. Immigration Customs and Enforcement deklare, yo ka rankontre nenpòt moun sou teren an, epi yo mande l pou l idantifye l, kit li te etranje, kit li te sitwayen ameriken. Sous/NBC News.

3- Dirijan kap jere koze edikasyon piblik nan Eta Oklahoma apwouve yon plan ki vle mande prèv sitwayènte oubyen estati imigrasyon paran yo lè yap vin enskri pitit yo nan lekòl piblik yo. Nouvèl règ sa a pap anpeche etidyan oubyen imigran ilegal yo enskri, men distri lekòl yo ap swiv epi deklare ki kantite timoun fanmi yo pa bay prèv sitwayènte yo oubyen estati jiridik yo. Ryan Walters ki se yon responsab lekòl piblik yo nan Oklahoma, e ki se yon Repibliken, di lap sipòte nouvèl desizyon sa a, e li fè konnen objektif la se pou kapab bay Lamezon Blanch enfòmasyon nesesè pou l ka fè respekte politik imigrasyon yo nan Eta a. Walters menm anonse entansyon li poul sipòte operasyon polisye imigrasyon yo ap fè nan lekòl yo. Sous/New York Times.

4- Depatman sekirite enteryè ameriken, administrasyon Trump lan deside revoke pwolongasyon TPS 18 mwa Biden te bay Venezuelyen yo, nan dat 10 janvye ki sot pase la. Akoz TPS Venezyela a ta pral ekspire, administrasyon Biden nan te pwolonje li soti 3 avril 2025, pou rive 2 oktòb 2026. Yon desizyon ki, selon jounal ameriken an, reprezante yon gwo kou pou migran Venezyelyen yo, ki te panse yo tap pwoteje parapò a operasyon depòtasyon Trump lan. Nap presize, pwolongasyon TPS sa a te konsène plis pase 600,000 Venezyelyen, ki yo menm kapab ekspoze a depòtasyon nan mwa kap vini yo. Sous/New York Times.

5- Etazini voye yon reprezantan li al negosye avèk Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro, pou li ka aksepte resevwa migran depòte yo. Se Richard Grenell administrasyon Trump lan voye nan Caracas, pou al chache jwenn yon akò ak Prezidan Venezyelyen an. Pou anpil Venezyelyen, se yon nouvèl chòk, paske Etazini te toujou ap mete presyon sou rejim ki an plas la. Vizit sa vini anviwon 1 mwa aprè Maduro te fin prete sèman kòm Prezidan pou yon twazyèm manda 6 lane, malgre gen prèv eleksyon sa yo pat kredib. Pandan chita pale sa yo,, Etazini ap tou mande Maduro pou libere sitwayen Ameriken ki yo menm an otaj nan peyi a. Sous/Associated Press.

6- Prezidan Donald Trump siyen yon memorandum pou l mande gouvènman federal la prepare baz naval amerikèn Guantanamo Bay (Kiba), pou akeyi pliyè dizèn milye migran kriminèl ilegal. « Pi fò moun konn sa. Nou gen 30,000 kabann nan Guantanamo ki ka akeyi prizonye etranje ilegal ki pi danje yo, e ki menase pèp ameriken an. Sa pral double rapidman kapasite nou pou kenbe migran nap arete yo », se deklarasyon Donald Trump, nan kad yon rankont ak Laprès nan Lamezon Blanch. Sous/CNN.

7- Nouvèl Pòt-pawòl Lamezon Blanch lan, pandan premye konferans pou Laprès li, madi 28 janvye 2025 lan, kalifye tout etranje ki rantre sou teritwa ameriken an ilegalman, « se kriminèl ». « Paske yo vyole lwa nasyon an, e pa konsekan, yo se kriminèl pou administrasyon sa a », se repons Karoline Leavitt bay yon jounalis ki te mande li : « èske tout imigran yo arete yo gen yon kazye jidisyè ». Nouvèl Pòt-pawòl la di, ekip ki pran pouvwa a kounye a, konsidere yon moun ki vyole lwa sou imigrasyon amerikèn kòm yon kriminèl, e li di se sa imigran sa yo ye menm. « Depi yo vyole lalwa peyi nou… Wi ! Yo se kriminèl », Mme Leavitt peze sou pawòl li. Sous/FoxNews, CNN.

8- Selon yon dokiman entèn gouvènman Trump lan elabore, yo prevwa revoke estati legal tout migran ki te rantre sou pwogram Biden nan. Administrasyon Trump lan fè plan pou mete yo sou depòtasyon, si yo pa aplike oubyen genyen yon benefis imigrasyon tankou : azil, pwosesis rezidans, oubyen yon estati pwoteksyon tanporè (TPS). Sepandan dokiman entèn sa a di, migran ki pa gen lòt demann oubyen lòt benefis imigrasyon, ap vin pa elijib pou travay legalman Ozetazini. Moun sa yo, selon dokiman entèn nan, ap gen pou resevwa yon avi pou konparèt devan tribinal imigrasyon, ki se ap premye etap nan pwosesis depòtasyon yo. Yon lòt kote, CBS News di yo pa konnen konbyen nan plis pase demi-milyon migran ki te otorize rantre Etazini yo, ki gentan aplike pou lòt benefis imigrasyon. Medya a fè konnen desizyon administrasyon Trump lan anonse a jiskaprezan pa fin klè. Sous/CBS News.

Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media

Reponn Nou Fè Nou Konnen Si Ou Ta Toujou Renmen Nou Voye Ribrik Sa Yo Sou Email Ou.