- Pawol Imigrasyon Newsletter
- Posts
- Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen kap domine aktyalite a Lendi 3 Fevriye 2025
Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen kap domine aktyalite a Lendi 3 Fevriye 2025
Anviwon 8,000 arestasyon nan selman 9 jou
Prèske 8,000 arestasyon nan sèlman 9 jou. Administrasyon Trump lan sou wout poul bat yon rekò, nan kantite migran lapolis imigrasyon konn arete. Anviwon 6,000 migran twouve yo aktyèlman nan detansyon, nan kad gwo operasyon sa a, kap entansifye nan dives Eta ameriken. Sous/New York Times
Depòtasyon : ICE libere sèten migran akoz pa gen ase espas
Eske gouvènman federal la gen kapasite vrèman pou kenbe an prizon tout migran yap arete yo ? Antouka aprè anviwon 9 jou sèlman, operasyon depòtasyon Trump lan al kontre bab pou bab ak yon obstak ki se pwoblèm espas ak desizyon Lajistis. Deja gen sèten migran ki te arete ki oblije libere, daprè media ameriken, NBC News.
Eske ICE ka arete migran san manda ?
Eske yon ajan ICE ka arete yon migran nan lari oubyen lakay li, san okenn manda ? Repons lan se Wi e Non anmenm tan. Daprè yon atik ki soti nan jounal News Week, ekspè yo fè konnen, ajan ICE yo gen pwovizyon legal pou arete nenpòt migran nan zòn piblik tankou konplèks, nan lari, nan makèt elatriye… Sepandan, ICE paka rantre kay yon moun pou al pran l san manda, e san konsantman moun nan. Sous/New Week.
Gwo manifestasyon nan Los Angeles
“Migmanifestasyonminèl. Vrjounal News Week, ekspè yo fè konnen, ajan ICE yo gen pwovizyon legal pou arete nenpòt migran nan zòn piblik tankou konplèks, nan lari, nan makèt elatriye… Sepandan, ICE paka rantre kay yon moun pou al pran l san manda, e san konsantman mounlije fèmen plizyè wout, pou anpeche yo pwogrese. Sous/NBC News
Trump anile TPS 2023 pou Venezyelyen yo !
Apati de 2 avril kap vini la, tout Venezyelyen ki te gen TPS an 2023 ap twouve yo san estati legal, e riske tonbe anba depòtasyon. Jan sa te anonse, USCIS pibliye nan jounal ofisyèl peyi a “Federal Register” desizyon pou revoke pwolongasyon administrasyon Biden nan te bay benefisyè Venezyelyen yo, ki estime a anviwon 300,000. Sous/USCIS, Xplwa Services
USA/Depòtasyon : militè ameriken komanse rive Guantanamo
Donald Trump pa pale sèlman, men li aji. Janl te anonse l la, militè ameriken kòmanse deplwaye nan baz Guantanamo. Yon premye gwoup 500 deja rive sou plas. Objektif : “ede Ministè Defans ak Sekirite Enteryè devlope sant operasyon sa a pou resevwa anviwon 30,000 migran ilegal kriminèl yo arete. Sous/CNN
Migran Kolonbyen ilegal yo envite pou tounen nan peyi yo !
Eske si w te yon sitwayen Kolonbyen ou tap aksepte yon pwopozisyon konsa ? Prezidan peyi sa Gustavo Petro mande konpatriyòt kap viv Etazini san papye, pou kite travay yo, pou tounen nan peyi yo. Chèf deta Kolonbyen an rezève yon sipriz pou yo ki se : kredi pwodiktif pou fè biznis. Mezi sila a, selon Prezidan Petro, ap pèmèt yo travay epi kontribye nan ekonomi peyi yo. Sous/@infopresidencia (Twitter/X)
Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media
Receive Honest News Today
Join over 4 million Americans who start their day with 1440 – your daily digest for unbiased, fact-centric news. From politics to sports, we cover it all by analyzing over 100 sources. Our concise, 5-minute read lands in your inbox each morning at no cost. Experience news without the noise; let 1440 help you make up your own mind. Sign up now and invite your friends and family to be part of the informed.
Reply