- Pawol Imigrasyon Newsletter
- Posts
- 🚨 Nouvo Lwa Florid yo Fè Lavi Migran yo Pi Difisil – Men Sa ou Dwe Konnen
🚨 Nouvo Lwa Florid yo Fè Lavi Migran yo Pi Difisil – Men Sa ou Dwe Konnen
Depi pi gwo restriksyon sou imigrasyon rive jiska depòtasyon an mas, nouvo mezi sa yo deja gen gwo enpak sou kominote yo. Gade kijan sa ka afekte ou.

Pawòl Imigrasyon | Gwo pwen ki te domine aktyalite a | Vandredi 14 Fevriye 2025 Florida adopte 2 lwa ki pral rann lavi migran ilegal yo difisil
Soti nan « pèn lanmò », pase nan penalize imigran ki vini ilegal, retire yon seri privilèj etidyan san-papye te konn jwi elatriye… Otorite yo nan Eta Florid vle rann lavi imigran ilegal yo pi difisil. Gouvènè Eta sa a, Ron Desantis siyen, jeudi 13 fevriye a, 2 gwo pwojè lwa sou aplikasyon la lwa sou imigrasyon yo, ki pral entwodui yon nouvèl vag egzijans. Jefò sa ap nesesite plis pase 300 milyon dola, ki pral sèvi nan bay prim ak ajan fòs lòd yo, epi mete migran yo nan detansyon, elatriye…
Depòtasyon : enpak yo vizib sou sektè mizik Ayisyèn an nan Florida
Laperèz la deja vizib nan Eta Floride, depi avanm menm pwojè Gouvènè Ron DeSantis la anonse. Youn nan sektè ki plis touche yo se sektè kiltirèl la. Daprè konsta nou fè, prezans migran yo komanse diminye seryezman nan aktivite bal yo. Divès manm nan sektè a, kit li te manadjè jazz/atis, mizisyen, chantè, òganizatè evènman ak jounalis kiltirèl, di yo santi konsekans yo deja.
Etazini depòte 132 Ayisyen Okap
Gad-kot amerikèn arete, epi depòte 132 Ayisyen ki te sou yon bato nan Sid “Florida Keys”, semèn pase a. Yo arete moun sa yo a anviwon 80 kilomèt Sidès Marathon, yon zòn nan Florida, aprè yo te fin enfòme prezans yon ti bato 30 pye ki te chaje anpil avèk moun, ant Kiba a Cay Sal Bank. Depi mwa oktòb pase, gad-kot amerikèn voye tounen an Ayiti, 314 migran Ayisyen ki te sitiyasyon iregilyè.
2 wo grade nan ICE transfere akoz operasyon depòtasyon an two “slow”
Administrasyon Trump lan deside transfere 2 gwo fonksyonè ICE, paske yo fwistre parapò ak kantite arestasyon ki fèt depi lè yo pran pouvwa a. Russell Hott et Peter Berg, se 2 pesonalite wo grade sa yo yo retire nan pòs yo te ye a, pou voye yo lòt kote. Hott re-afekte nan biwo local ICE nan Washington DC, epi Berg li menm ale nan St Paul, Minnesota. Todd Lyons ki se yon kad siperyè nan biwo ICE nan Boston, pral pran direksyon pa-enterim operasyon aplikasyon lalwa nan ICE.
Vòl depòtasyon yo koute gouvènman ameriken an chè anpil
Nan yon travay media Wall Street Journal fè, divès analis montre, vòl depòtasyon nan avyon militè yo koute pi chè ke vòl nan avyon regilye. Pa egzanp, pou yon vòl nan avyon militè, Depatman defans ameriken di li koute 28,500 dola chak èd tan, pandan vòl depòtasyon nan avyon regilye yo koute 17,000 dola chak èd tan. Youn nan vòl jiskaprezan ki koute gouvènman federal la plis kòb se vòl ki te ale nan peyi End lan, ki te koute prèske 3 milyon dola.
Pawòl Imigrasyon Lendi-Vandredi 7-8pm sou paj Facebook Luckson Saint-Vil Journaliste ak Yes Yes Yes Media
|
Reply